Jodi a se jounen pou nou selebre, pou nou fè fèt pou yon valè ki montre nou fè yon sèl nenpòt jan sa ta ye, e kijan nou se yon sèl pèp tout bon. Valè sila a se « Lang kreyòl », lang manman nou, lang zansèt nou.kreyol_nou_ye

Kreyòl la soti nan yon melanj lang franse ak tout lang esklav yo te konn pale sou tan lakoloni. Eskav yo te sèvi avè l pou kominike yonn ak lòt, pou blan franse a pa konprann jan yo t ap prepare liberasyon yo.

Ayisyen toupatou pale yon sèl lang, konprann yon sèl lang. Se sa ki fè inite li, se sa ki make idantite li. Lè l fache, lè l kontan anpil, lè l tris, lè l damou, lè l ap mande padon, lè l ap priye, lè l ap bay bon jan enfòmasyonak eksplikasyon, se kreyòl li pale, se nan lang manman l pou l eksprime l. Se konsa li panse mesaj ap pi byen pase, se konsa li panse l ap jwenn pi bon rezilta. E se sa l ye menm.

Nou se kreyòl ! Pale kreyòl pou w ka afiche idantite w, pale kreyòl pou w ka montre nan ki nasyon ou ye. Pale kreyòl pou frè w a sè w ka konprann ou. Pale kreyòl pou timoun yo ak jenerasyon k ap vini an jwenn yon eritaj vivan ki se idantite chak grenn moun ki fèt sou tè Papa Desalin nan.

Ayisyen ki lòtbò dlo yo, nan dyaspora a, pa janm neglije pratike lang nou ak Ayisyen parèy nou, sitou ak pitit nou. Sila yo, montre yo kijan kilti nou bèl, montre yo ti chante, istwa, kont ak devinèt lakay.

Pa janm wont pale lang ki makonnen pèp nou an. Pa janm wont di yon mo, yon fraz kreyòl oswa vire yon koze an kreyòl nenpòt ki kote ki gen Ayisyen, paske tout moun ap konprann pi byen. Se konsa n a va kenbe lang kreyòl la vivan; se konsa n ap mete l pi djanm devan lemond antye.

Kreyòl pale, kreyòl konprann.

Ministè Kominikasyon