Pòtoprens, jedi 29 oktòb 2015.- Ministè Kilti (MK) ansanm ak Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA), fèmen mwa Lang ak Kilti kreyòl la, mèkredi 28 oktòb 2015 lan, nan okazyon selebrasyon Jounen Mondyal Lang ak Kilti Kreyòl la nan Kyòs Occide Jeanty, devan plizyè santèn moun ki te deplase pou pwogram nan.

Se nan sal konferans MK otorite 2 enstitisyon yo te lanse aktivite pou make mwa selebrasyon jounen 28 oktòb la. Pandan 27 jou, AKA – avèk sipò Ministè Kilti, Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) epi UNESCO – te rive òganize divès aktivite pou sansibilize popilasyon an sou enpòtans Lang manman l epi ede l pi byen konprann dwa lengwistik Konstitisyon 1987 la ba li. kreyol langue

Brase lide sou Bilengwis (itilizasyon 2 lang diferan nan yon sèl peyi), fowòm, ekpozisyon liv kreyòl, deba, konkou sou redaksyon kreyòl: se kèk pami nan aktivite AKA te mete sou pye pandan tout mwa sa a. Ministè Kilti te pwofite okazyon sa a tou, pou wete chapo douvan yon seri gwoup ak pèsonalite ki make kilti ak lang kreyòl la gras ak zèv yo.

Se konsa anpil moun te kontan patisipe nan yon seremoni espektak ak omaj ministè a te òganize pou twoup “Lavie nan Bouk la” nan sine teyat Triyonf. Yon lòt kote, nan dat 27 oktòb la, sal sinema sa a te chaje ak jenn etidyan epi operatè kiltirèl ki te deplase pou vin gade pwojeksyon fim ANITA nan moman ministè a t ap onore reyalizatè li, Rassoul Labuchin.

MK avèk AKA mete yon bout nan aktivite sa yo nan aswè 28 oktòb la nan Kyòs Occide Jeanty. Plizyè otorite te pran lapawòl. Nou ka site: Direktè Jeneral Biwo Nasyonal Etnoloji a, Mesye Erol Josué, ki te pale nan non Ministè Kilti ak Biwo Nasyonal Etnoloji. Prezidan AKA a Jean Pauris Jean-Baptiste te pwononse yon diskou nan non Akademi an. Se pwofesè Ary Regis ki te entèvni pou Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS). SAKS te tou pwofite bay yon Ochan apre lanmò pou ansyen dirijan li, Sony Estéus.

Nan sa ki gen pou wè ak Animasyon Kiltirèl: Twoubadou ak Ti Koka epi Rapadou, defile mòd ak Maelle David melanje ak yon gwo pèfòmans mizik ak BIC, ta pral kenbe piblik la sou graden Kyòs la jouk pi ta pase 9è nan aswè.

Akademi Kreyòl Ayisyen an, Ministè Kilti ansanm ak tout lòt enstitisyon patnè yo, ap travay pou elimine tout prejije sou lang tout pitit peyi a pale, ki se lang kreyòl la, pou tout Ayisyen gen fyète sèvi avèk li.

Ministè Kilti