Ayisyen sèm ak frèm yo,

Mwen salye nou alawonbadè.

Mwen deside jodi-a jou fèt lèwa vin pale avèk nou ankò aprè  ti pale nou te fè nan Gonayiv jou premye janvye a.

Nan tradisyon legliz, 6 janvye se jou twa wa maj yo te al vizite “Ti Jezi ” ki  pote yon mesaj lespwa  pou tout pèp sou la tè.

Nou pa gen  pretansyon pote mesaj twa wa maj yo. Men nou vle kontinye pale avèk ou sou pwoblèm eleksyon kap brase bil peyi nou an,  depi yon bon bout tan.

Map swete tout ayisyen sèm ak frèm yo, yon lòt fwa ankò,   bòn ane 2016. Nou swete pou ane 2016 la,  pote estabilite, pote lanmou, tèt ansanm sou ti bout tè pa nou an.

Pawòl sa yo ki sòti nan kè m, mwen voye yo  pou ou menm ki bouke avèk tout monte desann kap fèt sou zafè eleksyon nan peyi nou an depi twò lontan. Twòp se twòp.

Ou menm kap tandem jodia, ou konnen tout jefò, tout sakrifis mwen fè pou nou mete enstitisyon yo kanpe nan peyi Dayiti.

Yonn nan premye kote mwen te vle manyen se enstititsyon elektoral la.

Moun ki pa vle pran pouvwa nan bon jan eleksyon,  toujou kanpe an kwa pou bloke tout bagay ke mwen te fè ki gen rapò ak eleksyon.

Mwen te vle mete KEP pèmanan kanpe jan manman lwa peyi a mande sa. Moun ki pa vle eleksyon bloke li. Anpil tan pase. Eleksyon pat ka òganize.

Mwen rantre nan dyalòg avèk yo nan mwa desanm 2012, mwen mete kanpe yon lòt KEP. Eleksyon toujou bloke. Anpil tan pase ankò.

Nan dialòg avèk yo ankò, nan otèl El Rancho nan mwa mas 2014, mwen mete kanpe yon lòt  KEP. Eleksyon toujou bloke. Yon lòt tan pase ankò ;

Nan dyalòg avèk yo nan otèl Kinam nan mwa desanm 2014, yo mande pou Premye Minis Laurent Lamothe ale, mwen aksepte; yo mandem mete kanpe yon lòt KEP. Mwen bayo satisfaksyon sou tout sa yo mande. Yo chwazi yo menm moun ki pou ale nan KEP sa a. Ekzekitif la ni okenn lòt kò nan leta a  pa gen moun ki reprezante yo nan KEP sa a.

Mwen fè ti rale sa a pou m fè tout moun sonje kote nou sòti  nan  zafè eleksyon sa yo. Mwen pa janm vle fè anyen pou kont mwen. Se toujou nan dyalòg ke mwen avanse sou kesyon eleksyon an. Konsa,  pou anpil moun, li te vin sanble ke Prezidan an ap fè bak tout tan.

Men Mwen pa wè se bak mwen tap fè. Mwen wè pito ke se sakrifis map fè pou peyi mwen, pou peyi nou:   pou Ayiti cheri !.

Mwen deja di nou sa e mwen prouve l deja : pa gen sakrifis mwen pap fè pou Ayiti mache byen, pou Ayiti gen kè poze.

Wout kap mennen nou nan kè poze, nan estabilite a, nan pwogrè a, se wout sa mwen vle, se wout sa a mwen chwazi, se wout sa a ki senbòl demokrasi, se wout sa a ki bon pou peyi a, pou pèp la, se wout eleksyon.

Se ladann mwen te toujou ye, se ladann map rete, se ladann map mennen nou.

Se pou tèt sa nou te wè m ap fè kanpay pou kandida pati politik PHTK. Menm jan lòt moun tap fè kanpay pou kandida pa yo sou lòt pati. Demokrasi a pèmèt sa. Epòk lontan zòt pat konn fè sa, se te magouy, move konbin, entimidasyon ak koripsyon ki te mete prezidan. Men mwen menm mwen te chwazi prezante kandida mwen apiye a, kandida pam lan, ki te vann yon pwogram, pou nou te ka kanpe dèyè li. Menm jan sa fèt nan tout peyi demokratik. Pase pou pran pouvwa, fòk ou prezante yon pwogram, fòk ou ka pale ak pèp la, fòk ou ka vann tèt ou pou yo ka vote w.

Tankou nou tout konnen, eleksyon lakay nou toujou gen tèt chaje. Nèg lakay pa janm aksepte yo pèdi. Se rezilta move reflèks yo devlope depi nan kraze wonn lè yap pèdi nan jwèt mab.

Bagay yo vin pi konplike kounye a paske gen anpil pati politik,  ak anpil kandida ki vle patisipe nan eleksyon.

Sonje lè lwa sou pati politik yo te vinn jwenn mwen, mwen te fè anpil rekòmandasyon, yo te kouri dèyè mwen, yo te menm vle rele m diktatè. Men jounen jodi a, fòk nou admèt ke twòp pati politik tounen yon gwo pwoblèm nan eleksyon an. Menm peyi ki gen ren solid paka pote chay sa a .

Se konsa, tout moun te dakò pou ale nan eleksyon nan dat 9 dawout la. Eleksyon sa yo pase jan nou te konnen an, te gen kèk pwoblèm. Tout moun te dakò pou yo korije erè ki te genyen nan eleksyon 9 dawout la.

Aprè analiz, refleksyon ak koreksyon e anpil amelyorasyon,  peyi a rantre nan yon dezyèm jounen eleksyon  e tout moun te dakò eleksyon  25 oktòb yo te byen pase. 25 oktòb a 6 zè di swa, tout moun tap bat bravo pou KEP ak lapolis. Tout moun, ke se obsèvatè nasyonal, ke se obsèvatè entenasyonal, ke se pati politik, ke se kandida, ke se tout popilasyon an an antye. Lapolis ak KEP te merite bravo sa yo, paske bagay yo te byen pase vre. Moun ki tap obsève eleksyon te di tout bagay kòrek. Pat gen magouy paske eleksyon an te byen pase.

Men, jan nou te wè l la, kou rezilta kòmanse tonbe, pawòl yo te kòmanse vire.

Paske rezilta yo pa tonbe jan yo te vle a, menm moun sa yo koumanse di eleksyon an pa bon, gen fwod. Moun ki wè yap pedi kòmanse rele koken. Malgré pèsonn pa  janm wè tras fwod okenn kote, gen sa ki fè akizasyon,  gen sa ki fè manti. Okenn kandida pa janm ka montre ni pwouve kote ki te gen fwod. Lwa elektoral la te ba yo dwa pou yo konteste; anpil nan kandida yo pat gen okenn agiman ni dokiman pou atake rezilta yo, yo pat ka fè li, yo pa fè li. Sak resi fè li, pat gen okenn prèv, yal chache swa dizan prèv nan sant tabilasyon, BCEN mete pwosè vebal sou kote, Obsevatè Oganizasyon Union Europeenne avèk lòt enstitisyon ki tap obsèvé di menm sa yo mete sou kote yo pat gen fwod ladan yo.

Bagay ki pi rèd, gen twa kandida ki di yo genyen nan premye tou. Mezanmi,  ki modèl eleksyon ki ka pèmèt pou  twa kandida genyen nan premye tou ??? Nan ki peyi sa janm fèt ??? Kote sa ka fèt; twa kandida wi ki deklare yo Prezidan nan premye tou. Ki koze sa ???? Ala de traka papa !!!!

Finalman KEP bay Rezilta kote 2 kandida pral nan dezyèm tou eleksyon prezidansyel la.  Moun ki kritike rezilta yo mande yon komisyon ki pou al montre fwod yo; mwen monte yon komisyon jan yo mande l la.  Kòm yo pa janm dakò, yo denonse komisyon ankò, e yo pwopoze pou nou chanje 2 mamb ladan l; pou nou ka ba yo satisfaksyon, pou nou ka avanse nou fè sa ankò; nou chanje 2 mamb sa yo. Malgre sa, yo pa menm reponn a 2 envitasyon komisyon sa ke yo menm te mande fè a, te voye pou yo . Aprè sa, nou aksepte pwolongasyon komisyon an te mande pou bay  rapò a.

Rapò a bay, li mande pou eleksyon  25 oktòb kontinye, paske Komisyon an di li  pa wè okenn tras fwod nan eleksyon 25 oktòb la. Bagay li wè yo, se iregilarite moun ki nan biwo vòt fè paske gen nan  yo ki pa konprann travay la, ki pa gen fòmasyon pou travay la, ki paka fè travay la. Fòk nou sonje, pi fò nan moun sa yo, se pati politik yo  ki chwazi yo, ki voye yo nan KEP, menm pati politik kap rele gen fwod jodi a wi se yo menm ankò ki te chwazi moun sa yo.

Map pwofite remesye ankò senk vanyan konpatryòt sa yo ki te aksepte patisipe nan travay komisyon an; paske nan peyi Dayiti sa pa janm fasil pran angajman ni rampli yon devwa sivik.  Gouvenman an, KEP a, Chèf leta a tande pwopozisyon yo bay pou amelyore òganizasyon dezyèm tou eleksyon presidansyèl la.  Prezidan an pase lòd ak tout enstitisyon konsène pou yo pran an kont tout rekomandasyon komisyon an nan limit kompetans yo.

KEP a voye on lèt ban mwen, li fikse yon nouvo dat pou eleksyon an. KEP a pare pou oganize eleksyon jeneral, prezidansyèl, palmantè, kolektivite e lokal. Men pou nou ka rasire ankò yon  kandida ki pase pou dezyèm tou, nou aksepte fè yon gwo sakrifis ankò.  Malgre sa fè plis ke 5 lane, manda kolektivite yo fini, kandida sila te mande pa fè eleksyon kolektivite yo menm lè ak prezidansyèl la. Menn lè sa pral koute peyi a chè, pou nou ka avanse ak Kandida a, nou deside  fè sakrifis sa a ankò, nou ranvwaye eleksyon kolektivite yo  pou yon lot lè. Mwen konnen sa pa fè kandida kazèk ak azèk nou yo plezi, men mwen mande yo fè sakrifis sa a pou peyi a. Ayisyen frèm ak sèm yo, map mande nou al vote pou chwazi prezidan  ke  nou vle a, palmantè nou panse  kap reprezante nou pi byen, kap fè travay pèp la pi byen .

Tout pati politik te dakò pou nou fè eleksyon an 2015 pou nou renouvle pèsonel politik peyi a. Nan demokrasi, se nan eleksyon ke moun pran pouvwa.

Moun ki pa vle demokrasi, moun ki pa vle peyi a gen kè poze, te vle fè tren eleksyon ki kòmanse 9 dawout la deraye, pou yo te ka mennen nou nan tranzisyon. Wout transisyon sa a ki se wout tèt chaje, wout danjere, wout kraze brize, wout kap fè peyi nou an tounen dèyè. Sa pap ka fèt .

Se pou nou sispan swiv moun ki bezwen kraze ti enstitisyon nou pran tan ak lajan pou nou mete sou pye, sispann swiv moun kap mande nou boule kawotchou, voye wòch, mete barikad sou wout, teworize popilasyon, teworize touris ki pral nan plaj nou yo, ki vin depanse lajan nan peyi nou an. Lè nou fè kalite zak sa yo se lajan peyi a nap gaspiye, se sou manje pitit nou nap krache.

Gen de bagay mwen wè kap reparèt nan peyi a: boule kawotchou, boule machinn, kraze vit taksi, touye polisye, vyole ak asasinen jèn fi, simen trak pou mande paran ti moun ekri non yo anba plat pye yo. Nou paka tounen nan mòd bagay sa yo ankò. Volè zafè ti machann, kraze bak ti machann nan lari, bagay nou te menm kòmanse  bliye nan peyi a, lè nou fè zak sa yo se lajan peyi a kap gaspiye, se frè n ak sè n nap toupizi, se sou manje pitit nou nap krache.

Nou pran tout dispozisyon pou enstitisyon  peyi a rekòmanse  kanpe   sou pye yo. Nou fè pibliye nan Monitè rezilta eleksyon pou depite ak senatè  yo. Konsa jan manman lwa peyi a mandel, 50e Legislati a ap rantre an fonksyon lendi 11 janvye.

Nap tann rezilta  Katèl majistra yo pou nou fè menm bagay la.

Jan KEP a mande li, nou pran arete ki mande pèp al vote  pou chwazi  yon prezidan nan dat kap  24 janvye 2016. Menm jou sa ap gen eleksyon pou  konplete tout Palmantè yo.

Konsa,  nan dat 7 fevrye mwen menm prezidan Martelly, map pase mayèt la bay yon lòt prezidan ki ap sòti nan eleksyon sa a.

Nou pap swiv moun ki nan wout gouvènman pwovizwa, wout gouvènman Sali piblik, wout gouvènman tout voum se do, kap mennen nou nan kraze brize, nan plis mizè ak tèt chajé. Moun sa yo se avantaj pa yo yap chache, se eleksyon pa yo yo bezwen òganize, nou pap mache nan logik sa avèk yo.

Peyi nou an bezwen kè poze. Kè poze sa a, se zafè tout moun, tout moun ki renmen peyi yo, moun ki vle byen pou pèp la. Se pou tèt sa mwen vin fè ti pale sa a avèk nou jodi a. Mwen vle nou kontinye avanse ansanm avèk mwen sou wout eleksyon ki se sèl wout nòmal la,  wout tèt ansanm lan, wout demokrasi a. Se wout sa a ki trase nan manman lwa peyi a ki se konstitisyon an e se wout sa a ki se ren demokrasi a.

Bò kote pa mwen, mwen fè tout jefò pou chanje imaj peyi a. Se yon travay ke mwen kòmanse. Mwen espere Prezidan kap vini aprè mwen an kontinye travay sa a.  Peyi a komanse jwenn rezilta, paske moun komanse wè peyi a yon lòt jan.  2 denye ane sa yo gen plis pase 500 mil nouvo touris ki vizite peyi Dayiti an plis de sak te konn vini yo gras a gwo jefò nou fè. Nou konnen gen anpil bagay ki pou fèt ankò pou sitiasyon nou ka chanje, pou peyi a ka chanje, pou yo pran nou o serye. Men se nou ki pou pran responsabilite pa nou ak peyi nou.

Mwen di nou tout ki aksepte tandem jodi a, yon gwo mèsi.  2015 te yon ane eleksyon, an nou fè tout jefò pou ane 2016 la ka yon ane ranfòsman, yon ranfòsman kap pase pa konsolidasyon tout sa nou deja reyalize ke se nan domènn demokratik, ke se nan domènn devlopman.

Gen lòt pwoblèm kap tann nou, lapli pa tonbe depi 5 mwa, sechrès ap mache sou nou, plis grangou nan kò nou, gen anpil travay pou nou fè pou nou ka konbat sa kap menase nou.

Pou nou konbat bagay sa yo fòk nou kontinye pran responsabilite n nan vote pou moun ki ka ede peyi a vanse, e pèmèt lavi nou kontinye chanje.

Bilten vòt ou se sèl zouti kap pèmèt ou avanse sou chimen pwogrè ak demokrasi.

Vote pou ou, vote pou pitit ou, vote pou lavni nou, vote pou demokrasi; vote pou tèt poze ak estabilite. Vote pou kandida paw la.

Map remesye tout moun ki kwè nan pwosesis elektoral la ak tout moun kap pèmèt peyi a avanse sou chimen demokrasi a, nou voye yon gwo kout chapo a tout zanmi ak tout patnè Ayiti yo ki kontinye akonpanye li nan tout moman difisil peyi a ap travèse,

Mwen salye nou tout ki tap koute mwen jodi a.

Mwen renmen nou anpil.

Viv Ayiti!

Ke bondye beni nou

Ayibobo pou pèp la !