KOMINIKE

ANBASAD DAYITI ap fè tout moun konen, pwensipalman resòtisan ayisyen kap viv nan Venezuela ke lap rekomanse resevwa demand paspò ak lòt dokiman kòm deklarasyon selibatè, ak de nesans e latriye lendi kap 27 jen pou rive jédi 30 jen ané 2016 la. Anbasad la ap resevwa tout demand dokiman nan dat sa yo:

1- Mwa jiyè : lendi 25 rive jedi 31

2- Mwa dawou : lendi 22 rive jedi 28

3- Mwa septanm : lendi 26 rive jedi 29

Pou mwa kap vin apwe 3 mwa ki di avan, Anbasad la ap pran lot desizyon si gen yon solisyon ki twouve nan problèm achte ou vann deviz la.

Se pou tout moun kap fè demand yon dokiman, vini nan Anbasad la pou biwo konsilè a bali yon otorizasyon pou’l peye pou’l fè dokiman menm jou li vini an, pa yon lòt jou.

Pou plis enfòmasyon pase nan Sèvis Konsilè anbasad la ou byen rele nan nimewo sa : 0212 262 1194

Caracas, 17 jen 2016

ANBASAD DAYITI